Rechercher dans ce blog

Disonans Koyitif kont Yon Sispèsta

Pou m kòmanse, mwen vle presize, se vre Wendyyy se rapè e atis prefere m, men, mwen pa yon chinwa, sa vle di m pa yon fanatik Wendyyy ki kanpe anfas tout lòt atis. Mwen tande anpil lòt rapè, pami yo gen sa ki pa zanmi Wendyyy. Kidonk, atik sa a chita sou yon demach analitik e objektif sou baz sa lasyans di, kote m kore apwòch yo ak lide e teyori yon gwo save nan domèn sikoloji ki te rele Gustave Le Bon.

Ann kòmanse ak yon konsta: chak fwa li lage yon albòm, Wendyyy kraze tout rekò, kantite moun ki koute mizik li sou platfòm dijital yo ogmante anpil, vant li yo double, epi rezo sosyal li yo fè plizyè dizèn milye nouvo abòne. Li klè: atis la pap trennen, li kontinye ap grandi. Men, malgre sa, gen yon gwoup moun byen òganize, ki reyini ekip ak alye plizyè atis enfliyan nan biznis la kote yo kreye yon diskou e y ap pouse yon naratif ki pa sispann grandi chak jou pi plis kòmkwa: “Rap Wendyyy fini.”, “Fanatik li yo ap bese.”, “Li pa gen menm atant lan ankò.”, “Li ta dwe repanse estrateji l la.”, ‘’Li paka fè menm kantite moun nan layv ankò.’’ Anpil gwo atis, gwo medya, gwo blogè, gwo jounalis, animatè ak pwomotè, san konte fanatik ak lòt aktè nan endistri mizik la dèyè mouvman sa a. Kidonk, gen reyalite a yon bò, ki se nivo sipèsta atis la k ap ogmante epi, yon lòt bò, gen yon diskou k ap grandi kont emèjans atis la.

Li enpòtan pou n di tou, diferans ant sa nou ka mezire (reyalite a) ak sa moun ap repete (ilizyon) pa nouvo. Li rantre nan yon estrateji ki la lontan ; e gen yon espesyalis nan sikoloji sosyal ak manipilasyon lespri foul ki byen dokimante l. Pou n konprann li, ann gade sa Gustave Le Bon, youn nan pyonye nan sikoloji foul, te ekri sou sijè a.


Foul pa reflechi, se emosyon ki gide l

Nan liv li a, “Psychologie des foules” (1895), Gustave Le Bon eksplike lè yon moun antre nan yon foul, li pèdi kapasite pou l reflechi avèk objektivite. Li vin reponn emosyonèlman ak sa kolektif la santi, ak sa l wè, e pafwa yon senp grenn fraz sifi pou mennen l. Foul pa chèche verite: li vle santi emosyon, li jis vle kwè nan yon bagay k ap mennen l.

E, se sa moun ki pa vle wè siksè Wendyyy yo byen konprann. Yo pa atake done yo, yo pa atake tablo reyèl la, paske yo an favè atis la. Ebyen, ki sa yo fè? Yo mennen gè a sou yon lòt teren: manipile opinyon emosyonèl kolektif la. Ki jan yo fè sa?

 

Yo kreye sa espesyalis yo rele yon disonans ant reyalite a ak pèsepsyon an

Estrateji a se anvayi piblik la ak yon lòt naratif: fè kwè Wendyyy pèdi nan grandè li, kominote li a kòmanse lage l, mizik li pa kreye efori ankò. An reyalite, diskou a pa chita sou laverite, men pito sou manipile panse moun yo. Se la “pouvwa imaj mantal” Gustave Le Bon pale sou li a antre nan jwèt la: lè yo repete mo ki senp, ki fasil pou piblik la konprann, yon seri fraz kout, plizyè fwa, maten-midi-swa, tout kote w monte sou entènèt la se diskou sa a, ebyen alafen li rive kreye  yon vizyon ki fo, men ki emosyonèlman pisan nan lespri moun, e pami yo pwòp fanatik Wendyyy. Yon bèl kou, pa vre! Se pa jwèt timoun k ap fèt. Se gwo teyori syantifik k ap aplike la.

 

Yo fè efè foul la mache alanvè

Iwonikman, piske Wendyyy se yon fenomèn, olye sa kraze karyè l, nan yon sans, li jwi kèk efè pozitif nan estrateji disonans yo monte kont li a: lefètke detraktè l yo envesti anpil enèji ak anpil tan nan pale sou li, ebyen, sa fè li vin gen plis je sou li; e, nou konnen, plis li vizib, se plis l ap atire moun dekouvri l.

Menm aspè sa a tou, opozan li yo konprann li. Se sa k fè, paralèlman, yo devlope yon lòt estrateji ki pou konpanse feblès estrateji disonans lan, kote yo eseye fè efè viziblite a mache nan sans envès, lè yo fè kwè “tout moun wè atis la ap bese vre,” avèk lespwa fo pèsepsyon sa a ap vin tounen yon reyalite e rive redui Wendyyy kòm yon atis òdinè tankou lòt yo.

Se tankou yon jwèt echèk sou yon teren kote se sijesyon kolektif la ki sant tout bagay la, yon zouti Gustave Le Bon dekri kòm kle pou enfliyanse foul. Si gen ase moun ki ap repete atis la pase mòd, ap rive yon lè anpil moun ap kòmanse doute, menm si estatistik ak done yo ta di lekontrè. Kidonk, se yon batay imaj, se imaj atis la y ap atake, se pa talan l vre, se pa kalite tèks li non plis. Sa yo se pretèks ki pou mennen nan vrè objektif la.

 

Yon batay imaj

Sa ki enpòtan pou n sonje, estrateji sa a pa baze sou ni teknik, ni mizikalite, ni pwodiksyon atis la vre. Se pa yon analiz atistik, men pito yon atak sou imaj li. Yo vize pran konfyans piblik la, e menm konfyans atis la gen nan pwòp tèt pa l. Se yon gè sikolojik. Sepandan, sa pa anpeche, nan ka Wendyyy a, kòm se sou li n ap pale, done yo toujou la e kominote chinwa a pa sispann pouse yo sou rezo a, sa ki rann demach la pa fasil ditou pou lòt kan an.

 

Reyalite a toujou la

Malgre sa yo di, reyalite a pa bay manti: Wendyyy kontinye monte, li kontinye grandi, li kontinye fè plis lajan ak plis fanatik. Nouvo rekò sou YouTube, iTunes, vant albòm, li gen yon odyans òganik… Fanatik fidèl li yo kontinye pataje mizik li, absans li fè bri tankou l te prezan, prezans li menm mete tout yon endistri sou poz, tout sektè ap pale sou li, pwojè l yo wo nivo, li kontinye gen yon gwo enfliyans sou kilti mizik Ayisyèn lan. Li rete youn nan pi gwo figi santral nan mouvman rap kreyòl la e nan mizik Ayisyen an jeneral. Se pi gwo sispèsta mizik Ayiti depi pase yon dizèn lane.

 

Konklizyon: reziste kont viris mantal sa a

Gustave Le Bon fè nou konnen: foul pa swiv verite, se emosyon ki mennen l. Se pou moun ki gen bon konprann yo, ki gen ladan l obsèvatè, chinwa, fanatik Wendyyy, jounalis, blogè, oswa yon senp melomàn, fè efò pou yo pa tonbe nan pyèj diskou negatif sa yo, men mete konfyans yo pito nan done yo, nan chif yo, ak nan rezilta konkrè atis la bay.

Nan yon monn kote tout moun ap fè gwo gòj, tout moun ak telefòn se jounalis, tout moun blogè, tout moun ekspè, li enpòtan pou n fòme yon rezistans fas ak maleng sa a k ap santi anba nen nou an. Gade laverite an fas, pa kite moun mal enfliyanse nou, menm lè n konnen sa ap deranje moun ki swete n tonbe nan pyèj yo a. Ann bay atis nou yo valè yo merite, ann apresye kontribisyon yo nan leve figi mizik nou an byen wo, menm si atis ki gen pi gwo akonplisman an pa ta atis prefere nou an oswa atis nou te swete a, paske benefis la se pou nou tout, se pou kilti a, se pou imaj nou, se pou pwochen jenerasyon an, se pou listwa, se pou Ayiti.

Disonans Koyitif kont Yon Sispèsta