Rechercher dans ce blog

89 Kalite Mango Nou Jwenn an Ayiti

Nou paka kòmanse san nou pa di w ki kote mango soti. Anpil moun kwè mango, ki gen non syantifik Mennjifera enndika, soti nan rejyon Sid kontinan Azi a, espesyalman kote nou jwenn peyi End, Benngladèch ak Bimani jodi a. Kilti mango a gen yon istwa ki long nan rejyon twopikal ak yon tikras twopikal yo. Ou ka chache "Mangoes: A Guide to the Varieties of the World" by M. C. J. F. A. R. (2009) pou plis detay. Nan referans enfòmatif sa a, w ap jwenn diferan varyete mango yo jwenn nan monn lan, sa ki gen ladan varyete ki nan rejyon Karayib la. Li egzamine klima twopikal ki pi apwopriye pou kiltive yo ak istwa sou jan mango te rive ateri yon seri kote. Menmsi nou pa p antre nan detay yo, li enpòtan pou n souliye mango rive gaye nan lòt pati nan monn nan atravè mwayen komèsyal yo, tankou an Afrik, Mwayennoryan ak Sidès Azi a. Ta sanble, se pandan epòk kolonyal la fwi sa a te rive sou kontinan Amerik la, atravè vwayajè Ewopeyen yo oswa komès esklav la, sa yo te rele komès translatlantik la. E, depi lè a yo pa sispann kiltive l nan anpil peyi ki gen klima twopikal.

 

89 Kalite Mango an Ayiti:

Ayiti, grasa bèl klima twopikal li a, li se bastyon divès kalite mango. Anpil moun fè lwanj yo pou gou inik yo genyen, gwosè yo ak koulè yo. Sezon mango a kòmanse nan mwa Mas pou fini nan mwa Jiyè an Ayiti. Pi ba a, n ap site katreven nèf (89) kalite mango nou te rive jwenn ki egziste an Ayiti. Si genyen nou pa site, tanpri presize nan seksyon kòmantè a pou plis konesans kapab jayi. Nou gen mango:

1-     Koton

2-     Blan

3-     Aselwi

4-     Tisya

5-     Gwo po

6-     Kòn

7-     Kannèl (nou jwenn li sitou nan Depatman Grandans)

8-     Janmari

9-     Labich (Depatman Grandans)

10-  Laksann

11-  Kawòt

12-  Fil (Leyogàn, lakay mwen, ki nan Depatman Lwès, genyen l anpil)

13-  Ti bòzò

14-  Pennsik

15-  Batis

16-  Doudous (Depatman Nò)

17-  Yil osnon il (Depatman Grandans)

18-  Twò dous (Depatman Nò)

19-  Fransik (W a gou pa w)

20-  Madan Jan

21-  Kè bèf

22-  Porye

23-  Miska

24-  Wozali

25-  Jeremi

26-  Pyete (Depatman Grandans)

27-  Lèwa (Depatman Grandans)

28-  Zonzon (Depatman Grandans)

29-  Kakòn (Depatman Grandans)

30-  Dlo

31-  Pit

32-  Badjo

33-  Monben

34-  Ti klo

35-  Won (Grangwav, nan Depatman Lwès)

36-  Gèp

37-  Pa tout djòl

38-  Djonn (Depatman Nòdwès)

39-  Kresòm

40-  Amidon (Depatman Nòdwès)

41-  Bourik (se pa atis Bourik Delatalay)

42-  Manmye

43-  Jipon Mona (èske w tande non yon mango ?! Nou sitou jwenn li Laplèn, nan depatman Lwès)

44-  Siremen

45-  Gwayav

46-  Ti yaya

47-  Yanm

48-  Po rèd

49-  Nimewo

50-  Grenn tonton

51-  Zabèt

52-  Zilat

53-  Di

54-  Kèdò

55-  Kòk

56-  Jalmèl

57-  Kòdòk

58-  Sika

59-  Bouboul

60-  Kèdòm

61-  Ti blak

62-  Konmen (Okay, Depatman Sid)

63-  Kachiman (Depataman Nòdès)

64-  Paskad (Depataman Nòdès)

65-  Difonsèl (Depataman Nòdès)

66-  Lakolo (Depataman Nòdès)

67-  Plen bouden (mezanmi wooo !!)

68-  Zabriko

69-  Ti bòzò

70-  Sarafin

71-  Fil wouj

72-  Ti bosal

73-  Sann

74-  Likè

75-  Chalè

76-  Miskèt

77-  Sik

78-  Tiklo

79-  Bonbon

80-  Lougawou

81-  Òdinè

82-  Bèf

83-  Petwonn

84-  Pinya osnon may

85-  Madan fransis

86-  Vale

87-  Zing

88-  Papiyon

89-  Cheri 

Divès kalite mango sa yo sitou grandi nan jaden ak lakou moun yo an Ayiti. Se ladan l yo manje e yo vann pou jwenn ti monnen pou jere fanmi yo. Mango ayisyen fè pati mango ki pi gou e pi bon kalite nan monn nan, pa sèlman pou bon gou yo genyen men tou, pou wòl yo jwe nan tradisyon kiltirèl ak gastwonomik peyi a.

Lòks: Yon Vwayaj Espirityèl, Kiltirèl, Sosyal ak Pèsonèl nan Istwa Cheve


Lòks (yo konn rele yo “djwèdlòks” oswa “djwèd” tou) se yon estil cheve kote yo pike e mele cheve yo jis yo vin tankou mèch. Lòks se yon pratik ki la lontan anpil e ki gen siyifikasyon kiltirèl, espirityèl e estetik selon kilti ak sosyete a. Men yon apèsi sou kote l soti ak diferan siyifikasyon l genyen.

Kote cheve lòks soti

Sivilizasyon tan lontan yo:

Pratik kote moun gen cheve lòks la te la nan plizyè sivilizasyon sou tè a avan menm li te vin popilè an Amerik. Pi ansyen tras cheve lòks yo jwenn se nan ansyen Ejip la, 3000 ane avan epòk nou an, kote yo dekouvri kadav yo te konsève (momi) ak lòks nan tèt yo. [i]

An Afrik, kominote Nibyen ak Etyopyen yo gen plizyè syèk y ap fè lòks. Sosyete sa yo asosye l alafwa avèk espirityalite e idantite kiltirèl. [ii]

Mouvman Rastafari:

Nan istwa modèn nan, yo vin rekonèt lòks toupatou grasa lyen mouvman Rastafari a (oswa rasta) genyen avè l. Sa te vini nan kòmansman ventyèm syèk la nan peyi Jamayik. Rastafari yo kwè lè yo fè lòks, sa reflete koneksyon espirityèl yo genyen avèk Bondye, e li senbolize rezistans yo fas ak moun k ap toupizi pèp kote y ap viv la. Moun ki pi popilè yo konnen nan mouvman sa a se Bob Marley. Li te rann lòks vin popilè sou tout kò tè a. [iii]

Endouyis ak Lòt Tradisyon Relijye:

Nan relijyon Endouyis la, nou jwenn konsèp lòks la nan estil cheve yo rele Jata a. Se gason ki sen yo, asetik yo ak divinite tankou Chiva ki pote l. Kout peny Jata a senbolize pisans espirityèl, sajès ak detachman ak dezi materyèl. [iv] Menm jan an tou, yo konnen mwàn Boudis yo kòm moun ki renmen fè cheve yo nan fòm lòks, sa ki senbolize yo renonse ak materyalis e yo pran angajman pou yo grandi espirityèlman. [v]

Kilti Endijèn :

Premye pèp nan Amerik la e nan Karayib yo fè cheve lòks tou. Nan anpil nan kilti sa yo, lòks la se yon siy espirityèl e kiltirèl enpòtan, kote lòks la reprezante fòs, sajès ak fyète zansèt yo. Gen Amanda Morgan ki dekòtike aspè sa yo nan Indigenous Women and Hair Politics, sou politik cheve  ak idantite nan kominote Ameriken natif yo.

 

Diferan Siyifikasyon Cheve Lòks

1-     Siyifikasyon Espirityèl:

Pou anpil moun, lòks yo trè espirityèl. Yo ka reprezante koneksyon avèk yon pisans siperyè oswa se manifestasyon yon cheminman ki vize yon transfòmasyon pèsonèl. Lide pou w “lòk” tèt ou nan enèji oswa fòs espirityèl la se poto mitan kilti tankou lafwa Rastafari yo.[vi]

Nan lòt kilti, lòks senbolize yon fòm asetis oswa yon vi renonsyasyon ak tout distraksyon materyèl.[vii]

2-     Idantite Kiltirèl:

Nan kilti Afwo-Ameriken an, lòks souvan rantre nan yon demach revandikasyon idantitè, espesyalman fas ak istwa asimilasyon fòse e estanda bote Ewopeyen yo k ap fè presyon sou kominote yo. Djwèdlòks la tou se yon fason pou anbrase eritaj afriken an, lè n sonje jan yo souvan estigmatize l nan kontèks esklavaj ak kolonyalis la.[viii]

3-     Aktivis ak Rezistans:

Yo itilize lòks yo kòm yon fòm rezistans fas ak presyon sosyal. Pa egzanp, pandan mouvman dwa sivik yo ki te dewoule nan lane 1960 rive an 1970, kominote Afwo-Ameriken yo te konn itilize lòks  kòm senbòl rezistans fas ak jan yo ap toupizi yo nan sosyete a.[ix]

4-     Avanti ak Kwasans pèsonèl:

Nan yon nivo pi pèsonèl, lòks la kapab reprezante evolisyon yon moun. Yo wè fason lòks la ap grandi pandan plizyè lane kòm senbòl kwasans ak devlopman pèsonèl. Afòs lòks yo ap pran matirite, se afòs moun ka wè yo kòm reflè matirite moun ki genyen pote yo a.[x]

5-     Mòd ak Bèlte:

Nan dènye ane sa yo, lòks la vin yon akseswa mòd ki popilè moun adopte pou bèlte l ak jan li vèsatil. Anpil moun fè l yon fason pou eksprime tèt yo, afiche yon estil, kenpòt kilti yo e  koneksyon espirityèl yo ak estil kout peny sa a. Donk, li vin antre nan endistri bote a.[xi]

6-     Ekspresyon Pwòp Tèt Ou:

Apa siyifikasyon espirityèl e kiltirèl lòks la genyen yo, gen moun ki fè lòks senpman paske li ba yo yon sèten libète kote yo pa bezwen toujou ap penyen tèt yo, pede chanje kout peny maten, midi, swa. Epi, yo renmen estil la, jan l parèt la, jan l fèt la e bote ki chita ladan l. Chwa sa yo baze pafwa sou istwa pèsonèl moun yo e sou fason yo vle eksprime tèt yo.[xii]

7-     Politik Cheve:

Preyokipasyon politik lòks la enplike kapab gen yon gwo siyifikasyon, sitou pou moun ki desandan Afriken yo. Gen anpil kote, depi lontan, yo jije kout peny lòks pa “pwofesyonèl” oswa “sankoutcha”, sa ki mennen anpil deba sou règleman konsènan kout peny ki fèt ak cheve natirèl e sou kisa ki “akseptab” kòm bote nan sosyete.[xiii]

Konklizyon

Siyifikasyon lòks yo varye anpil selon pèspektiv pèsonèl, kiltirèl ak espirityèl. Pou kèk moun, lòks yo se bagay ki trè espirityèl, yo senbolize fòs, pasyans ak rezistans.[xiv] Pou lòt moun, yo se yon ekspresyon kiltirèl enpòtan oswa yon pozisyon politik kont estanda bote nan sosyete a. Kit se yon senbòl fyète kiltirèl oswa yon vwayaj pèsonèl k ap menen nan yon akonplisman, lòks yo gen yon gwo siyifikasyon istorik ak pou epòk nou an.[xv]



[i] Gade The Egyptian Book of the Dead Raymond Faulkner te tradui.

[ii] Ou ka chache sou entènèt African Hair, Kamille Viola ekri.

[iii] Ou ka apwofondi rechèch ou nan Rastafarianism: A History, Ennis Edmonds ekri, ak The Rastafarian Handbook, Michael B. Tabor ekri.

[iv] Gade Hinduism: A Very Short Introduction, Kim Knott ekri.

[v] The Life of the Buddha, R.A. L. H. Lumsden.

[vi] Rastafari: A Spiritual and Cultural Revolution, Leonidas A. M. M. Amadago

[vii] The Ascetic Ideal in Ancient India, Gavin Flood

[viii] Hair Story: Untangling the Roots of Black Hair in America, Ayana D. Byrd ak Lori L.

[ix] Black Power: The Politics of Liberation", Stokely Carmichael and Charles V. Hamilton

[x] The Spiritual Meaning of Hair: A Deep Dive into the Science of Hair, Claire E. Hyman

[xi] Natural Hair: A Black Woman's Guide to Healthy Hair, Nicki B.

[xii] The Beauty of Black Hair: A Comprehensive Guide to Healthy, Gorgeous Hair, Nikki Walton

[xiii] The Politics of Hair: Black Women and the Discrimination of Natural Hair, by Tori Jenkins.

[xiv] Black Hair in America: A Historical Overview, D. M.

[xv] The Hair Chronicles, M. Jacqui Alexander

  

La variation des mots au sein du créole haïtien: un phénomène de richesse ou de confusion ?

Récemment, j'ai pris connaissance d'une vidéo diffusée sur la chaîne YouTube intitulée HAITI CHERIE, dans laquelle est analysé un échange particulièrement tendu entre l'animateur Carel Pèdre et l'artiste Vag Lavi, survenu en 2017, à propos du titre ambigu de la meringue carnavalesque de ce dernier, « Krè k’ anlè ». Selon l'artiste, ce titre représenterait une expression métaphorique, phonologiquement ambiguë, mais dont le sens véritable serait « Craie en l'air », l’ambiguïté phonologique n'affectant pas la syntaxe de l'intitulé. En revanche, Carel Pèdre rétorque en suggérant que l'expression revêt en réalité un caractère vulgaire, arguant que, en créole haïtien, on emploie le terme « lakrè » plutôt que « krè ». Dès lors, la phonologie de l'expression ne pourrait être interprétée autrement que sous la forme « Krèk anlè », soit « Clitoris en l’air ». Le terme en créole est-il véritablement « krè » ou plutôt « lakrè » ? Se trouve-t-on face à une expression ambiguë ou, au contraire, d'une vulgarité manifeste ? Afin de mieux structurer notre réponse à ces interrogations, il apparaît essentiel de prendre en considération le phénomène linguistique de la variation, plus précisément la variation lexicale. En effet, la langue, notamment le créole haïtien, en tant que système de signes partagés, n’est pas une entité homogène. Elle connaît, au sein même de sa structure, de nombreuses variations. Ces fluctuations lexicales, perceptibles selon les régions, les groupes sociaux, les contextes de communication ou encore les époques, sont au cœur des préoccupations de la linguistique moderne. Dès le début du XXe siècle, Ferdinand de Saussure posait les fondements d’une réflexion sur la dimension sociale du langage, tandis que les travaux ultérieurs de William Labov et Basil Bernstein approfondissaient l’étude des variations sociolectales et situationnelles. La variation des mots apparaît dès lors comme un phénomène inhérent à toute langue vivante, à la fois source de richesse expressive et de complexité communicationnelle.

 

En tant que locuteur natif du créole, j'emploie les termes « krè » et « lakrè » de manière interchangeable. Par exemple, j'utiliserais indifféremment les phrases « Pran krè a sou tab la pou mwen » et « Pran lakrè a sou tab la pou mwen ». Ces deux signifiants partagent un même référent et un même sens. Cependant, cette pratique n'est pas universelle parmi les Haïtiens, et notamment pas chez Carel. Dès lors, il apparaît une variation d'un locuteur à l'autre, ce qui nous conduit à évoquer la notion de variation lexicale, un phénomène linguistique naturel et essentiel qui reflète la diversité linguistique. Cette variation peut se manifester à différents niveaux et est influencée par divers facteurs, tels que les facteurs géographiques, sociaux, situationnels, historiques et idiolectaux, que nous allons brièvement exposer.

La variation diatopique (ou géographique) désigne la variation liée à la région ou au lieu où la langue est parlée, donnant lieu à l'existence de dialectes ou de régionalismes. Par exemple, un locuteur de Port-au-Prince dira « M kouche ti dam nan » pour signifier « j'ai couché la demoiselle », tandis qu'un locuteur du Cap-Haïtien dira « M koke ti dam nan » pour exprimer la même idée. La variation diastratique, quant à elle, se rapporte à la manière dont le lexique reflète les appartenances sociales des locuteurs. Dans ses travaux sociolinguistiques menés à New York, William Labov a mis en évidence la corrélation entre les choix lexicaux et la position sociale des locuteurs, illustrant ainsi que le lexique devient un marqueur identitaire, souvent inconscient. Cette variation dépend de plusieurs caractéristiques sociales des locuteurs, telles que l'âge, le sexe, le niveau d’éducation, ou encore la classe sociale. Par exemple, un Haïtien scolarisé dira « pran chèz la » (prends la chaise), tandis qu'un paysan non scolarisé dira « pran chèy la » (prends la chaise). D'autre part, on a la variation diaphasique qui concerne l'adaptation du vocabulaire aux situations de communication. Basil Bernstein a théorisé cette distinction à travers les notions de code restreint et de code élaboré, en soulignant que les individus modulent leur langage en fonction de leur interlocuteur et du contexte. Ainsi, un locuteur dira « M lage cha a » (je me casse) dans une situation informelle et « M ap deplase » (je vais m’absenter) dans un contexte formel. La variation diachronique, ou historique, témoigne de l'évolution naturelle du lexique. Comme l'a montré Émile Benveniste, les mots naissent, se transforment ou disparaissent, en fonction des changements sociaux, culturels et technologiques, garantissant à la langue sa plasticité et sa pérennité. Par exemple, le mot « pyas », désormais tombé en désuétude, a été remplacé par « santim/centime » en Haïti. Enfin, la variation individuelle, ou idiolecte, se caractérise par le fait que chaque individu possède sa propre manière de parler, influencée par son vécu, ses expériences et son entourage. Le rappeur Fantom, par exemple, emploie fréquemment l'expression « W ap konn sonson » pour signifier « W ap konn Jòj » (Vois et tu verras), mais l'utilisation de « sonson » est propre à lui et à son cercle, alors que tous les Haïtiens utilisent « W ap konn Jòj ». Ainsi, loin d’être une anomalie, la variation lexicale constitue une propriété fondamentale de toute langue vivante, reflétant la capacité du langage à représenter les multiples dimensions de l’expérience humaine. Si elle peut parfois engendrer des ambiguïtés, elle demeure avant tout un vecteur de richesse, de nuance et d’identité linguistique. Comme l'affirmait Claude Hagège, elle incarne la diversité créative du génie humain.

Revenant à notre exemple initial, en tant que linguiste, il convient de noter que la majorité des Haïtiens utilisent le terme « lakrè », tandis que « krè » n'est pas couramment reconnu dans les dictionnaires créoles, tels que le Diksyonè Kreyòl Vilsen, premier dictionnaire du créole haïtien. Dès lors, il est raisonnable de conclure qu’en créole standard, et donc académique, on utilise « lakrè », un terme emprunté par agglutination à l'expression française « la craie ». Toutefois, étant donné que de nombreux Haïtiens utilisent également le mot « krè », ce dernier devient une variation lexicale et diastratique de « lakrè », en fonction des expériences linguistiques des locuteurs. Partant de cette observation, on peut affirmer que tant l'artiste que l'animateur ont, en un sens, raison et tort à la fois, puisque leurs jugements reposent sur leurs propres expériences langagières et sociales. Carel semble préférer « lakrè », tandis que Vag Lavi, tout comme moi, utilise « krè » de manière interchangeable. Dès lors, « Krè k anlè » ne saurait être qualifié de grossier, mais plutôt d'ambigu sur le plan phonologique. En revanche, étant donné la tension provoquée par ce désaccord entre les deux protagonistes, tension qui perdure encore aujourd'hui, on peut y percevoir une méconnaissance flagrante de leur propre langue maternelle. Cela témoigne également des lacunes d’un système éducatif inefficace, peu soucieux de la langue qui unit tous les Haïtiens, et illustre le retard dans la maîtrise de cette langue essentielle.

 

En conclusion, l'analyse de cette controverse linguistique met en lumière non seulement les nuances de la langue créole haïtienne, mais aussi la richesse de sa variation, qui est le reflet des multiples expériences socioculturelles de ses locuteurs. D’un côté, la diversité lexicale, qu'elle soit géographique, sociale, situationnelle, historique ou individuelle, est une caractéristique naturelle et essentielle de toute langue vivante, témoignant de la plasticité et de la capacité d’adaptation du créole. D’un autre côté, cette variation, bien qu'enrichissante, peut parfois prêter à confusion, comme le montre le désaccord entre Carel et Vag Lavi. Toutefois, ce désaccord souligne également une méconnaissance du fonctionnement profond de la langue, amplifiée par un système éducatif qui n’accorde pas suffisamment d’attention à la richesse de cette langue maternelle. Ainsi, tout en reconnaissant la légitimité des différences d’interprétation et d’usage, il importe de promouvoir une meilleure compréhension de notre patrimoine linguistique afin de favoriser une maîtrise plus fine de notre langue, dans toutes ses dimensions, tout en valorisant sa diversité.

 

Source: https://youtu.be/v8eK81cYmkY?feature=shared 

Disonans Koyitif kont Yon Sispèsta