Kote cheve lòks soti
Sivilizasyon tan lontan yo:
Pratik kote moun gen cheve lòks
la te la nan plizyè sivilizasyon sou tè a avan menm li te vin popilè an Amerik.
Pi ansyen tras cheve lòks yo jwenn se nan ansyen Ejip la, 3000 ane avan epòk
nou an, kote yo dekouvri kadav yo te konsève (momi) ak lòks nan tèt yo. [i]
An Afrik, kominote Nibyen ak
Etyopyen yo gen plizyè syèk y ap fè lòks. Sosyete sa yo asosye l alafwa avèk
espirityalite e idantite kiltirèl. [ii]
Mouvman Rastafari:
Nan istwa modèn nan, yo vin rekonèt
lòks toupatou grasa lyen mouvman Rastafari a (oswa rasta) genyen avè l. Sa te
vini nan kòmansman ventyèm syèk la nan peyi Jamayik. Rastafari yo kwè lè yo
fè lòks, sa reflete koneksyon espirityèl yo genyen avèk Bondye, e li senbolize
rezistans yo fas ak moun k ap toupizi pèp kote y ap viv la. Moun ki pi popilè yo konnen nan mouvman sa a se
Bob Marley. Li te rann lòks vin popilè sou tout kò tè a. [iii]
Endouyis ak Lòt Tradisyon Relijye:
Nan relijyon Endouyis la, nou jwenn konsèp lòks la nan estil cheve yo rele
Jata a. Se gason ki sen yo, asetik yo ak divinite tankou Chiva ki pote l. Kout
peny Jata a senbolize pisans espirityèl, sajès ak detachman ak dezi materyèl. [iv] Menm jan an tou, yo konnen mwàn Boudis yo kòm moun ki renmen fè cheve yo
nan fòm lòks, sa ki senbolize yo renonse ak materyalis e yo pran angajman pou
yo grandi espirityèlman. [v]
Kilti Endijèn :
Premye pèp nan Amerik la e nan
Karayib yo fè cheve lòks tou. Nan anpil nan kilti sa yo, lòks la se yon siy
espirityèl e kiltirèl enpòtan, kote lòks la reprezante fòs, sajès ak fyète
zansèt yo. Gen Amanda Morgan
ki dekòtike aspè sa yo nan Indigenous Women and Hair Politics, sou
politik cheve ak idantite nan kominote
Ameriken natif yo.
Diferan Siyifikasyon Cheve Lòks
1-
Siyifikasyon Espirityèl:
Pou anpil moun, lòks yo trè
espirityèl. Yo ka reprezante koneksyon avèk yon pisans siperyè oswa se
manifestasyon yon cheminman ki vize yon transfòmasyon pèsonèl. Lide pou w “lòk”
tèt ou nan enèji oswa fòs espirityèl la se poto mitan kilti tankou lafwa Rastafari
yo.[vi]
Nan lòt kilti, lòks senbolize yon
fòm asetis oswa yon vi renonsyasyon ak tout distraksyon materyèl.[vii]
2- Idantite Kiltirèl:
Nan kilti Afwo-Ameriken an, lòks
souvan rantre nan yon demach revandikasyon idantitè, espesyalman fas ak istwa
asimilasyon fòse e estanda bote Ewopeyen yo k ap fè presyon sou kominote yo. Djwèdlòks
la tou se yon fason pou anbrase eritaj afriken an, lè n sonje jan yo souvan
estigmatize l nan kontèks esklavaj ak kolonyalis la.[viii]
3- Aktivis ak Rezistans:
Yo itilize lòks yo kòm yon fòm
rezistans fas ak presyon sosyal. Pa egzanp, pandan mouvman dwa sivik yo ki te
dewoule nan lane 1960 rive an 1970, kominote Afwo-Ameriken yo te konn itilize
lòks kòm senbòl rezistans fas ak jan yo
ap toupizi yo nan sosyete a.[ix]
4- Avanti ak Kwasans pèsonèl:
Nan yon nivo pi pèsonèl, lòks la
kapab reprezante evolisyon yon moun. Yo wè fason lòks la ap grandi pandan
plizyè lane kòm senbòl kwasans ak devlopman pèsonèl. Afòs lòks yo ap pran
matirite, se afòs moun ka wè yo kòm reflè matirite moun ki genyen pote yo a.[x]
5- Mòd ak Bèlte:
Nan dènye ane sa yo, lòks la vin
yon akseswa mòd ki popilè moun adopte pou bèlte l ak jan li vèsatil. Anpil
moun fè l yon fason pou eksprime tèt yo, afiche yon estil, kenpòt kilti yo
e koneksyon espirityèl yo ak estil kout
peny sa a. Donk, li vin antre nan endistri bote a.[xi]
6- Ekspresyon Pwòp Tèt Ou:
Apa siyifikasyon espirityèl e kiltirèl
lòks la genyen yo, gen moun ki fè lòks senpman paske li ba yo yon sèten libète
kote yo pa bezwen toujou ap penyen tèt yo, pede chanje kout peny maten, midi, swa. Epi, yo renmen estil la, jan l parèt la, jan l fèt la e bote ki chita
ladan l. Chwa sa yo baze pafwa sou istwa pèsonèl moun yo e sou fason yo vle
eksprime tèt yo.[xii]
7- Politik Cheve:
Preyokipasyon politik lòks la
enplike kapab gen yon gwo siyifikasyon, sitou pou moun ki desandan Afriken yo.
Gen anpil kote, depi lontan, yo jije kout peny lòks pa “pwofesyonèl” oswa
“sankoutcha”, sa ki mennen anpil deba sou règleman konsènan kout peny ki fèt ak
cheve natirèl e sou kisa ki “akseptab” kòm bote nan sosyete.[xiii]
Konklizyon
Siyifikasyon lòks yo varye anpil selon
pèspektiv pèsonèl, kiltirèl ak espirityèl. Pou kèk moun, lòks yo se bagay ki
trè espirityèl, yo senbolize fòs, pasyans ak rezistans.[xiv]
Pou lòt moun, yo se yon ekspresyon kiltirèl enpòtan oswa yon pozisyon politik
kont estanda bote nan sosyete a. Kit se yon senbòl fyète kiltirèl oswa yon
vwayaj pèsonèl k ap menen nan yon akonplisman, lòks yo gen yon gwo siyifikasyon
istorik ak pou epòk nou an.[xv]
[i] Gade The Egyptian Book of
the Dead Raymond Faulkner te tradui.
[ii] Ou ka chache sou entènèt African Hair,
Kamille Viola ekri.
[iii] Ou ka apwofondi rechèch ou
nan Rastafarianism: A History, Ennis Edmonds ekri, ak The Rastafarian
Handbook, Michael B. Tabor ekri.
[iv] Gade Hinduism: A Very
Short Introduction, Kim Knott ekri.
[v] The Life of the Buddha, R.A. L. H. Lumsden.
[vi] Rastafari: A Spiritual and
Cultural Revolution, Leonidas A. M. M. Amadago
[vii] The Ascetic Ideal in
Ancient India, Gavin
Flood
[viii] Hair Story: Untangling the
Roots of Black Hair in America, Ayana D. Byrd ak Lori L.
[ix] Black Power: The Politics
of Liberation", Stokely Carmichael and Charles
V. Hamilton
[x] The Spiritual Meaning of Hair: A
Deep Dive into the Science of Hair, Claire E. Hyman
[xi] Natural Hair: A Black Woman's Guide
to Healthy Hair, Nicki B.
[xii] The Beauty of Black Hair: A
Comprehensive Guide to Healthy, Gorgeous Hair, Nikki Walton
[xiii] The Politics of Hair:
Black Women and the Discrimination of Natural Hair, by Tori Jenkins.
[xiv] Black Hair in America: A
Historical Overview, D. M.
[xv]
The Hair Chronicles, M. Jacqui Alexander
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire