Rechercher dans ce blog

89 Kalite Mango Nou Jwenn an Ayiti

Nou paka kòmanse san nou pa di w ki kote mango soti. Anpil moun kwè mango, ki gen non syantifik Mennjifera enndika, soti nan rejyon Sid kontinan Azi a, espesyalman kote nou jwenn peyi End, Benngladèch ak Bimani jodi a. Kilti mango a gen yon istwa ki long nan rejyon twopikal ak yon tikras twopikal yo. Ou ka chache "Mangoes: A Guide to the Varieties of the World" by M. C. J. F. A. R. (2009) pou plis detay. Nan referans enfòmatif sa a, w ap jwenn diferan varyete mango yo jwenn nan monn lan, sa ki gen ladan varyete ki nan rejyon Karayib la. Li egzamine klima twopikal ki pi apwopriye pou kiltive yo ak istwa sou jan mango te rive ateri yon seri kote. Menmsi nou pa p antre nan detay yo, li enpòtan pou n souliye mango rive gaye nan lòt pati nan monn nan atravè mwayen komèsyal yo, tankou an Afrik, Mwayennoryan ak Sidès Azi a. Ta sanble, se pandan epòk kolonyal la fwi sa a te rive sou kontinan Amerik la, atravè vwayajè Ewopeyen yo oswa komès esklav la, sa yo te rele komès translatlantik la. E, depi lè a yo pa sispann kiltive l nan anpil peyi ki gen klima twopikal.

 

89 Kalite Mango an Ayiti:

Ayiti, grasa bèl klima twopikal li a, li se bastyon divès kalite mango. Anpil moun fè lwanj yo pou gou inik yo genyen, gwosè yo ak koulè yo. Sezon mango a kòmanse nan mwa Mas pou fini nan mwa Jiyè an Ayiti. Pi ba a, n ap site katreven nèf (89) kalite mango nou te rive jwenn ki egziste an Ayiti. Si genyen nou pa site, tanpri presize nan seksyon kòmantè a pou plis konesans kapab jayi. Nou gen mango:

1-     Koton

2-     Blan

3-     Aselwi

4-     Tisya

5-     Gwo po

6-     Kòn

7-     Kannèl (nou jwenn li sitou nan Depatman Grandans)

8-     Janmari

9-     Labich (Depatman Grandans)

10-  Laksann

11-  Kawòt

12-  Fil (Leyogàn, lakay mwen, ki nan Depatman Lwès, genyen l anpil)

13-  Ti bòzò

14-  Pennsik

15-  Batis

16-  Doudous (Depatman Nò)

17-  Yil osnon il (Depatman Grandans)

18-  Twò dous (Depatman Nò)

19-  Fransik (W a gou pa w)

20-  Madan Jan

21-  Kè bèf

22-  Porye

23-  Miska

24-  Wozali

25-  Jeremi

26-  Pyete (Depatman Grandans)

27-  Lèwa (Depatman Grandans)

28-  Zonzon (Depatman Grandans)

29-  Kakòn (Depatman Grandans)

30-  Dlo

31-  Pit

32-  Badjo

33-  Monben

34-  Ti klo

35-  Won (Grangwav, nan Depatman Lwès)

36-  Gèp

37-  Pa tout djòl

38-  Djonn (Depatman Nòdwès)

39-  Kresòm

40-  Amidon (Depatman Nòdwès)

41-  Bourik (se pa atis Bourik Delatalay)

42-  Manmye

43-  Jipon Mona (èske w tande non yon mango ?! Nou sitou jwenn li Laplèn, nan depatman Lwès)

44-  Siremen

45-  Gwayav

46-  Ti yaya

47-  Yanm

48-  Po rèd

49-  Nimewo

50-  Grenn tonton

51-  Zabèt

52-  Zilat

53-  Di

54-  Kèdò

55-  Kòk

56-  Jalmèl

57-  Kòdòk

58-  Sika

59-  Bouboul

60-  Kèdòm

61-  Ti blak

62-  Konmen (Okay, Depatman Sid)

63-  Kachiman (Depataman Nòdès)

64-  Paskad (Depataman Nòdès)

65-  Difonsèl (Depataman Nòdès)

66-  Lakolo (Depataman Nòdès)

67-  Plen bouden (mezanmi wooo !!)

68-  Zabriko

69-  Ti bòzò

70-  Sarafin

71-  Fil wouj

72-  Ti bosal

73-  Sann

74-  Likè

75-  Chalè

76-  Miskèt

77-  Sik

78-  Tiklo

79-  Bonbon

80-  Lougawou

81-  Òdinè

82-  Bèf

83-  Petwonn

84-  Pinya osnon may

85-  Madan fransis

86-  Vale

87-  Zing

88-  Papiyon

89-  Cheri 

Divès kalite mango sa yo sitou grandi nan jaden ak lakou moun yo an Ayiti. Se ladan l yo manje e yo vann pou jwenn ti monnen pou jere fanmi yo. Mango ayisyen fè pati mango ki pi gou e pi bon kalite nan monn nan, pa sèlman pou bon gou yo genyen men tou, pou wòl yo jwe nan tradisyon kiltirèl ak gastwonomik peyi a.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Disonans Koyitif kont Yon Sispèsta