Depi plizyè ane, nou ka remake anpil moun pou n pa di majorite a gen tandans adopte yon òtograf abreje ak yon sentaks senp ki souvan dekore ak emoji nan plas mo konplè ak konstriksyon fraz konplèks. Yo sèvi ak abrevyasyon tankou "mw", "lkl", "bj" nan plas "mwen", "lekòl", " bonjou", elatriye. San konte ka kote yo defòme mo a nèt tankou lè yo ekri "mh" nan plas "mwen". Byen souvan, se nan sousi pou yo kominike pi rapid. Gen anpil moun ki panse sa ap kraze lang nan ak kapasite ekriti moun sa yo. Men, ki pwennvi lengwis yo ak espesyalis nan konisyon yo sou sa?
Selon chèchè sa yo, kesyon an pi konplike pase sa. Ann pran egzanp lengwis Naomi Baron ki etidye fason teknoloji ap chanje fason moun li ak ekri. Ebyen, li esplike kominikasyon dijital la menm ankouraje moun ekri pi vit, ak fraz ki pi kout, pi dirèk, epi yon fason ki pi konvèsasyonèl. Dapre li menm, abitid sa yo ka lakoz lè moun sa pral fè yon redaksyon fòmèl ak yon refleksyon pwofon, l ap mande l plis efò pase avan. Se sa nou rele atrisyon òtografik la oswa analfabetis fonksyonèl la. Nan yon liv li ekri ki rele How We Read Now, li montre kijan moun k ap li sou ekran souvan li an vitès epi yo gen mwens pasyans pou yo li tèks ki long ak agiman ki konplèks. Yon lòt chèchè ankò ki rele Maryanne Wolf ale pi lwen toujou sou kesyon lekti dijital la nan yon liv li ki titre Reader, Come Home, li esplike sèvo moun adapte ak fason yo li pi souvan. Lè moun nan pase anpil tan ap navige byen rapid sou ekran an, li ka vin pi difisil pou l ret konsantre pou l fè yon lekti ki pwofon ki mande analiz, memorizasyon, ak refleksyon kritik. E, dapre yon lòt espesyalis m pa sonje non konplè l (dezole pou sa), sa kapab afekte fason moun nan òganize panse l nan yon redaksyon fòmèl.
Se menm konsiderasyon an pou itilizasyon emoji yo tou. Sepandan, pou n fè ekilib la, rechèch yo pa montre emoji ak abrevyasyon DETWI entèlijans oswa kapasite ekriti moun nan otomatikman. Anpil moun (sitou jèn yo) konnen trè byen diferans ant fason yo ekri ak zanmi yo sou entènèt ak fason yo dwe ekri nan lekòl oswa nan travay. Emoji yo menm ede moun nan eksprime emosyon l e bay mesaj li a ton, tankou ekspresyon vizaj tankou l t ap fè sa nan konvèsasyon oral. Se poutèt sa anpil espesyalis kwè pwoblèm prensipal la se pa emoji yo ak abrevyasyon yo nan yo menm, men pito pwoblèm nan se:
1- mank lekti pwofon;
2- abitid konsome tèks kout sèlman;
3- mwens pratik nan redaksyon ki long e ki byen estriktire.
An rezime, teknoloji dijital la chanje fason moun kominike ak reflechi sou ekriti. Men, kapasite pou ekri byen an TOUJOU depann anpil sou lekti regilye, pwofon e reflechi, ak pratik regilye nan ekri tèks ki fòmèl.
Referans :
Naomi Baron, How We Read Now (Oxford University Press, 2021).
Maryanne Wolf, Reader, Come Home: The Reading Brain in a Digital World (HarperCollins, 2018).
Nòt: Si w te li tout tèks la, konnen ou petèt fè pati ti gwoup moun ki kontinye fè lekti pwofon e ekri yon fason ki fòmèl.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire