Premye remak
ak reyaksyon : Nan paj 12 dokiman an, AKA fè yon presizyon enpòtan
kote l di itilizatè yo dwe dekole prepozisyon AN an ak mo ki vin apre l nan
chèn sentaksik la, sa ki fè sans lè n sonje kreyòl ayisyen se yon lang izolan.
Sepandan, gen kèk egzanp kote sentaks la pa pèmèt lekti ak atikilasyon an fèt dlo lolo, tankou nan de (2) fraz ki vin annapre yo:
-
- An Ayiti. An Iran.Yon lokitè kreyolofòn natif di an-n-Ayiti, an-n-Iran.
Se konsa yo atikile konbinezon mo sa yo ansanm. An kreyòl, sa w di a dwe ekri. Nanpwen
lèt ak son ki bèbè non plis. Anplis, AN se yon vwayèl, li paka fè liyezon ak
yon lòt vwayèl. Kidonk, AKA te ka pwopoze yon règ ki mande itilizatè yo ajoute
N apre prepozisyon AN an lè mo ki vin apre l la kòmanse ak yon vwayèl yon fason
pou reflete vrè fason itilizatè yo reyalize atikilasyon fonolojik fòm konstriksyon
sentaksik sa a yo. Règ la ta dwe
mande ajoute N ant prepozisyon AN an ak mo ki vin apre l la lè mo a kòmanse ak yon
vwayèl yon fason pou fasilite lekti a. San sa, nou
t ap di:
- - Yon n
abit (yon abit), piske ON se yon vwayèl tou. Men, non! De
Kidonk, avèk règ sila nou di a, n ap genyen yon konstriksyon konsa: An n Ayiti. An n Iran.
Gras ak yon règ konsa, itilizatè a ap kapab ekri egzakteman sa l di a nan respè prensip yon fonèm pou yon grafèm nan.
Dezyèm remak ak reyaksyon: Yon lòt segman nan dokiman dènye rezolisyon sa a ki pa reflete pratik lengwistik lokitè yo se kote AKA prezante OUN kòm yon vwayèl nazal. Lè n konsidere prensip yon fonèm pou yon grafèm nan e lè n rekonèt OUN paka li lòt jan pase OU-N, nou konkli konbinezon grafèm OU avèk N paka konstitye yon vwayèl nazal. Sa ki rann òtograf mo ki nan egzanp ki vin apre yo nou jwenn nan dokiman an pa kòrèk:
-
- Oungan, mazounbèl, kandjanboun.Antanke lengwis
kote travay mwen baze sou deskripsyon reyalite lengwistik yo, mwen t ap plis
retwouve m nan yon pwopozisyon kreyasyon yon vwayèl espesyal pou reprezante
fonèm ki nan kèk mo tankou egzanp nou fenk site yo. AKA te ka deside pa egzanp deziyen
õ,
oswa Ø, oswa ô pou reprezante fonèm vwayèl nazal espesyal sa a. Konsa, mo
pi wo yo te ka gen youn nan twa pwopozisyon òtograf ki vin apre yo:
- - Õgan, mazõbèl, kandjanbõ.
- - Øgan, mazØbèl, kandjanbØ.
- - Ôgan, mazôbèl, kandjanbô.
Nou espere atik
sa kapab itil nan estandadizasyon lang kreyòl la kòmsadwa nan linèt lasyans ak
pwofesyonalis.
Glosè
- - Lang
izolan : yon lang kote chak oswa prèske chak mòfèm gen yon lèm ki
reprezante l e lèm sa yo pa sibi okenn fleksyon kèlkeswa rapò gramatikal yo
genyen ak lòt lèm nan fraz la.
- - Mòfèm :
pi piti eleman ki gen yon sans
- - Lèm : se yon seri lèt, youn apre lòt, ki
fòme yon eleman ki gen sans. Pou pi
senp, yon mo.
- - Fonèm: pi piti eleman ki gen yon son
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire