Rechercher dans ce blog

Kriminèl ki pa gen remò yo: aspè sikolojik, sosyolojik ak newolojik

Nan kòmansman mwa fevriye 2025 lan, gen yon dram ki rive nan komin Kenskòf an n Ayiti kote bandi san fwa ni lwa pran yon ti bebe 2 mwa nan men manman l ki rele Eliana Télémaque, yo lage l nan dife tou vivan an prezans manman an. Yon zak sanginè ki lakòz Eliana trepase de (2) semèn annapre nan komin Petyonvil, jou ki te 14 fevriye 2025 lan, anba pwa twomatis ak lapenn eksperyans sa te kite pou li. Zak sa pouse anpil Ayisyen ap kesyone koz nivo egzajere mechanste ak babari sa lakay bandi kowalisyon Viv Ansanm yo. Ki sa ki ka lakoz yon kriminèl rive nan yon nivo konsa, kote l ap komèt yon seri krim tèt chaje ak tout sanfwa l, san remò e san anpati? Ki esplikasyon lasyans kapab bay sou sa? Apre rechèch nou fè, nou rive jwenn kèk nan teyori sikoloji, newoloji ak sosyoloji ki pi enpòtan yo ki tante bay yon esplikasyon sou diferan fenomèn ki ka lakoz yon konpòtman konsa. Nou prezante sis (6) ladan yo pi ba:

1. Teyori sou sikopati

Nan lane 1991, Robert D. Hare, yon sikològ Kanadyen devlope konsèp sikopati a, kote moun ki genyen l pa gen pitye, pa gen emosyon pwofon, epi konpòte yo nan yon fason manipilatè. Li kreye yon echèl pou mezire nivo sikopati moun nan ki rele PCL-R (Psychopathy Checklist-Revised) an n anglè. An kreyòl, nou ka defini l kòm Lis Verifikasyon Sikopati-Revize. Rechèch Hare yo montre sikopat yo gen yon defisyans nan amigdal ak kotèks prefrontal ventwomedyen yo, sa ki fè yo pa ka santi kè sote oswa kilpabilite.

2. Teyori sou dezendividyasyon

Yon tikras pi bonè, nan lane 1969, Philip Zimbardo, ki li menm se yon sikològ Ameriken, montre nan kèk sitiyasyon (tankou lè yon moun pèdi idantite li nan yon gwoup), li ka aji avèk vyolans san l pa santi li koupab tou. Eksperyans nan kèk prizon montre kijan pouvwa ak anviwónman sosyal ka mennen moun fè mechanste dènye nivo.

3. Teyori sou banalizasyon mechanste

Teyori sa se Hannah Arendt, yon filozòf Jèmano-Ameriken, ki te devlope l nan lane 1963, kote li analize jijman Otto Adolf Eichmann, yon Jèmano-Otrichyen ki te yon manm ofisyèl Pati Nazi a e ki te youn nan responsab jenosid kont juif yo. Epi sikològ la eksplike tou ki jan mechanste ka soti nan obeyisans san reflechi. Li montre kijan moun ka fè krim san yo pa santi remò paske yo jis ap swiv lòd otorite yo. Sa ki pa diferan lakay kriminèl Ayiti yo. Petèt, pwofesyonèl sikoloji, sosyoloji ak filozofi an n Ayiti yo te ka prezante nou yon travay rechèch ki sanble ak ka Adolf la men ki gen kèk bandi Ayisyen kòm echantiyon.

4. Teyori sou desansibilizasyon ak vyolans

An 1973, yon sikològ Kanadyen ki rele Albert Bandura montre ki jan lè yon moun ekspoze ak vyolans souvan (nan anfans, nan medya, oswa nan lagè) ka fè yon moun pèdi sansiblite li epi konsidere vyolans kòm yon bagay nòmal. Teyori aprantisaj sosyal li a montre moun aprann vyolans nan imitasyon.

5. Teyori sou netralizasyon

Teyori sa David Matza, yon sosyològ Ameriken, ansanm avèk Gresham Sykes ki tou se yon sosyològ Ameriken e ki kriminològ, te devlope an 1957, montre ki jan kriminèl yo jistifye zak yo ak fraz tankou :

"Mwen pa responsab" (« Se pa fòt mwen »)

Pa bò isit, yo gen tandans di se fòt leta, se fòt move dirijan yo.

"Yo merite sa" (« Yo te chèche sa »).

Yon fraz konsa pa depaman ak sa bandi kriminèl Arnel Joseph te di lè yo te arete l nan dat 22 jiyè 2019 la lè l te di se moun ki gen lajan li vòlè kamyon yo ak machandiz yo e si l te kapab li t ap revòlè yo ankò.

"Yo pa menm moun menm" (« Yo pa merite konpasyon »)

Yon seri fraz ki pa etranj pou anpil nan nou Ayisyen. Se setèn, menm yon fwa, nou tande youn ladan yo nan bouch kriminèl yo deja. Se kòmsi zak yo fè yo pa di yo anyen. Y ap tante jistifye yo.

6. Teyori sou sèvo kriminèl

Adrian Raine, yon sikològ Britanik, fè rechèch sou diferans nan sèvo moun ki vyolan soti 1993 rive 2013. Li dekouvri kotèks prefrontal (ki kontwole enpilsyon ak moral) souvan pa devlope ase lakay kriminèl yo, epi amigdal (ki jere emosyon) pa reponn nòmalman. Èske gen nan bandi Ayiti yo, kòtèks prefontal yo ak amigdal yo pa devlope ase? Yon newochirijyen tankou ansyen Premye Minis Ariel Henri te ka enterese fè yon travay rechèch sou sa.

Se vre atik sa pa devlope teyori yo men prezantasyon sa nou fè a pèmèt nou wè mank remò lakay kèk kriminèl se rezilta yon melanj ant faktè biyolojik, sikolojik, ak sosyal. Nou espere atik sa te itil ou.

Men kèk referans bibliyografik pètinan sou teyori sa yo :

-          Hare, R. D. (1991). The Hare Psychopathy Checklist-Revised (PCL-R). Multi-Health Systems.

-          Hare, R. D. (2003). Without Conscience: The Disturbing World of the Psychopaths Among Us. Guilford Press.

-          Zimbardo, P. G. (2007). The Lucifer Effect: Understanding How Good People Turn Evil. Random House.

-          Milgram, S. (1974). Obedience to Authority: An Experimental View. Harper & Row.

-          Arendt, H. (1963). Eichmann in Jerusalem: A Report on the Banality of Evil. Viking Press.

-          Sykes, G. M., & Matza, D. (1957). Techniques of Neutralization: A Theory of Delinquency. American Sociological Review, 22(6), 664-670.

-          Raine, A. (2013). The Anatomy of Violence: The Biological Roots of Crime. Pantheon Books.

-          Blair, R. J. R., Mitchell, D., & Blair, K. (2005). The Psychopath: Emotion and the Brain. Blackwell Publishing.

Youn nan sous enfòmasyon sou dram Kenskòf la :

-          Kenscoff : un nourrisson tué tragiquement par les criminels de « Viv ansanm », sa mère décède deux semaines après 

 


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Disonans Koyitif kont Yon Sispèsta