Poukisa yon labalèn ki mouri kapab reprezante yon
danje?
Lè yon labalèn mouri, kò li kòmanse
dekonpoze, sa ki pwodui anpil gaz. Po li, ki pwès anpil, pa kite gaz sa yo soti
fasilman, sa ki lakòz presyon fòme anndan kadav la. Se sa ki fè kadav labalèn nan ka eksploze
toudenkou.
Ann louvri yon ti parantèz sou pwa bèt dlo sa a. N ap raple labalèn se youn
nan bèt ki pi lou sou latè. Se vre, bèt ki pi lou sou tè a se elefan, men lè w
konpare l ak yon labalèn ble, diferans lan se estrawòdinè! Yon sèl labalèn ka
peze menm pwa ak 25 elefan granmoun! Donk, poukisa bèt sou tè yo pa ka rive nan
menm pwa sa a? Repons lan senp: gravite.
Gravite limite gwosè pifò bagay sou tè a. Si yon bèt te twò lou, zo li pa
ta ka sipòte pwa li, epi li pa ta ka deplase fasil. Alòs, poukisa labalèn yo ka
rive nan yon pwa konsa? Paske yo viv nan dlo! Dlo a bay yo flotabilite, sa ki
pèmèt yo pa santi efè gravite menm jan ak bèt ki sou tè a.
Ann retounen nan sijè a. Nou sot wè sa ki rive lè labalèn nan mouri, jan
gaz ka gonfle anndan l. Kounya, poukisa nou dwe evite kadav la ?
Poukisa nou dwe evite kadav labalèn nan?
Nou tout konnen labalèn yo gwo anpil, kidonk imajine kadav yo! Lè yo kwaze yo
sou rivaj yo, yo atire anpil moun ki vle wè yo. Ann sipoze ou menm ak mwen se
bon zanmi, epi nou rive sou plaj la pou vakans. Nan mitan sab la, nou wè yon labalèn
ki mouri—pi gwo bèt sou latè!
Nou prese rale telefòn nou pou pran foto, men nou bezwen fè atansyon. Rezon?
Paske kadav labalèn yo ka eksploze!
Lè yon labalèn mouri, san l sispann sikile epi li sispann respire. Mikwòb
ki deja nan kò li kòmanse dekonpoze tisi yo, sa ki lakòz gaz tankou metàn, gaz
kabonik ak nitwojèn anpile anndan li. Kadav la gonfle tankou yon gwo balon.
Mete sou sa, po li ki pwès ak grès li yo anpeche gaz sa yo soti. Pwa labalèn
nan fè bouch ak twou dèyè li rete fèmen, kidonk presyon an ap ogmante jiskaske…
BOUM!
Kokennchenn eksplozyon vyann labalèn nan voye moso kò l jete nan lè a
ak yon vitès 70 km/è sou yon distans 50 mèt! Sa ka menm touye moun.
Eksplozivite kadav labalèn—Egzanp
reyèl
Yon ka ki pi popilè te rive nan peyi Taywann an 2004. Moun yo t ap transpòte kadav yon labalèn nan lari lè li te fin
eksploze, yo t ap voye trip li ak vyann li sou moun ak sou magazen! Sa te terib.
Yon lòt ka frapan te pase nan Oregon, Ozetazini, an 1970. Ofisyèl yo te
deside itilize dinamit pou detwi yon labalèn ki te sou yon rivaj. Yo te panse
zwazo ap fin manje rès yo, men plan an pa t mache! Malgre yon ansyen militè te
di yo kantite dinamit lan te twòp, yo te kontinye ak lide a. Rezilta? Yon
eksplozyon ki te voye moso balèn yo jete byen lwen, kraze machin ki te nan yon
distans de (2) kilomèt! Otorite yo te oblije pase yon semèn ap netwaye tout debri
ki te an dezòd yo.
Pou n konkli, wi, kadav yon labalèn kapab reprezante yon gwo danje lè n
konsidere kantite gaz tankou metàn, gaz kabonik ak nitwojèn ki ap gonfle anndan
l lè l kòmanse dekonpoze, sa ki ka lakòz kadav la eksploze jan sa te pase
Taywann ak Etazini, yon kokennchenn eksplozyon ki ka pwopaje sou gwo distans e
menm touye moun. Atansyon pa kapon Ayisyen m yo, espesyalman moun Obòy mwen yo !
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire