Byen souvan, lè n ap pale, gen yon seri fenomèn
konplèks k ap pase prèske chak segonn nan jan nou atikile mo yo, nou pa menm
rann nou kont, afòs nou devlope yon otomatis nan lang nan. Pami fenomèn sa yo,
n ap konsidere asimilasyon nan atik sa a. Nou veye pou n bay plis egzanp posib
an kreyòl men gen kèk egzanp se nan lòt lang yo te monte nan tèt nou lè n
t ap ekri atik la. Gen egzanp, se chache nou te oblije al chache yo nan lang
nou pa metrize tou, tankou alman ak laten. Ki sa asimilasyon an ye menm?
Asimilasyon an se yon fenomèn fonetik kote yon fonèm (son) vin sanble ak sa
ki sou kote l la. Plizyè lengwis etidye fenomèn sa e yo pwopoze kèk klasifikasyon
selon divès kritè nou pral prezante tou kout e byen senp nan atik sa a.
1. Direksyon
Asimilasyon pwogresif
Fonèm nan chanje anba enfliyans fonèm ki plase avan l lan.
Egzanp: Desine → desinen. /n/ ki se yon konsòn nazal enfliyanse vwayèl oral /e/, li nazalize l e fè l tounen /en/ ki se yon vwayèl nazal. André Martinet pale sou aspè sa a. Ou kapab jwenn yon liv referans nan fen atik la, nan seksyon Referans Bibliyografik ak Webografik la.
Asimilasyon regresif
Fonèm ki devan an enfliyanse sa ki avan l lan.
Egzanp : Input nan lang anglè konn pwononse “i-m-p-ou-t” pafwa kote fonèm /p/ enfliyanse /n/, fè l tounen /m/.
2. Degre
Asimilasyon total
Egzanp : Anekdòt → anegdòt. /d/ ki se yon konsòn vwaze enfliyanse /k/ ki pa sonnen, li vwaze l e fè l tounen /g/ ki vwaze. Gade nan Referans Bibliyografik ak Webografik la, w ap jwenn yon liv referans Nicolas Troubetzkoy ekri sou sa.
Asimilasyon ademi
Fonèm ki sibi enfliyans lan sèlman pran kèk trè nan lòt fonèm nan.
Egzanp: Patiraj → patiray. /a/, ki se yon vwayèl, enfliyanse konsòn /j/ pou l fè l tounen yon demi vwayèl. Konsa, pwopriyete konsòn nan kenbe an pati.
3. Kontèks fonetik
Asimilasyon nan kontak
Enfliyans lan fèt ant son ki kòtakòt.
Egzanp: nan lang fransè, grand père → [gʁɑ̃pɛʁ] kote /d/ tounen /p/ anba enfliyans fonèm /p/. Roman Jakobson eksplike fenomèn sa yo atravè teyori sou karakteristik ki pèmèt ou diferansye eleman yo. John Ohala, kote pa l, analize kalite asimilasyon sa yo tou nan yon pèspektiv ki chita sou pèsepsyon.
Asimilasyon adistans
Fenomèn sa pwodui ant fonèm ki pa kole.
Egzanp : nan lang laten, peregrinus → panyòl peregrino, kote premye /r/ la enfliyanse dezyèm /r/ la.
4. Selon tip fonèm ki afekte a
Asimilasyon konsòn
Li konsène konsòn.
Egzanp : anpil frankofòn pwononse communisme → [kɔmynizm] olye yo di [kɔmynism]. Fonèm [s] ki soud (ki pa sonnen) tounen fonèm [z], ki se yon konsòn vwaze (ki sonnen) anba enfliyans [m] ki sonnen.
Asimilasyon vokalik (Amoni vokalik)
Li konsène vwayèl.
Egzanp : nan lang tik, evler ‘kay yo’ suiv yon amoni vokalik kote dènye vwayèl la depann de premye vwayèl la, è-v-l-è-l, alòske vwayèl ‘e’ pwononse tankou ‘e ‘ an kreyòl. Yon otè tankou Gunnar Fant analize epi dekri amoni vokalik sou yon ang akoustik.
5. Dire a
Asimiliasyon fonetik (ki fèt nan moman an)
Li fèt lè moun ap pale, li pa fèt alekrit.
Egzanp : bourèt ‘b-ou-r-è-t’→ ‘b-ou-w-è-t’. Pa
gen Ayisyen k ap wè « bourèt » ekri pou l di ‘b-ou-w-è-t’
men se tout tan l ap di ‘b-ou-w-è-t’ lè l ap pale san l pa rann li kont.
Asimilasyon sa pa entegre nan lang kreyòl la. Se sa k fè, Daniel Hirst ak Albert Di Cristo fè
dekantasyon ant asimilasyon k ap pase ak sa ki entegre nan sistèm fonolojik
lang lan menm.
Asimilasyon fonolojik (estabilize)
Li entegre nan sistèm fonolojik lang
nan menm.
Egzanp : an fransè, obtenir → o-p-te-ni-r, kote fonèm [b] tounen [p] akoz asimiliasyon. Gen otè tankou Charles Hockett ki pale sou diferans ki genyen nan evolisyon fonetik lang yo nan sans sa a.
Konklizyon
Kidonk, asimilasyon se yon fenomèn
konplèks ki jwe yon wòl fondamantal nan evolisyon lang yo. Lengwis tankou Passy, Martinet, Troubetzkoy,
ak Jakobson pwopoze diferan klasifikasyon ki pèmèt nou konprann mekanis ki
ladan yo ak enpak yo gen sou sistèm fonolojik la. Se vre, atik sa pa yon atik
ki prezante yon analize detaye sou chak tip asimilasyon ak chak kritè
asimilasyon sa yo baze, men nou panse e swete li te itil ou e te pèmèt ou gen yon
pi bon konpreyansyon sou fenomèn sa ki toujou rive lè n ap pale san nou pa
souvan rann nou kont.
Referans Bibliyografik ak Webografik
-
André Martinet (1955), Économie des changements
phonétiques dans une perspective fonctionnelle
-
Nicolas Troubetzkoy (1939), Principes de
phonologie.
-
Gunnar Fant (1960), Acoustic Theory of Speech
Production
-
Daniel Hirst et Albert Di Cristo (1998), Intonation
Systems: A Survey of Twenty Languages
-
Charles Hockett (1955), A Manual of
Phonology
-
Roman Jakobson (1962), Selected Writings
-
David Stampe (1979), A Dissertation
on Natural Phonology
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire