N ap souliyen nan dat 30 me 2025 la, Wendyyy te rive gen 6 pwojè ki byen pozisyone sou platfòm sila a. Twa (3) albòm, de (2) EP ak yon mikstep. Pami yo, twa (3) albòm ak yon EP, donk kat (4) pwojè nan lis dis (10) premye yo sou iTunes. Se premye atis ayisyen ki fè sa, e petèt premye atis nan monn lan (n ap bezwen verifye sa a).
-
Albòm III a ki te soti nan dat 21 janvye 2024 te okipe
twazyèm pozisyon.
-
Albòm Indétrônable ki te soti 24 avril 2016 te
okipe senkyèm pozisyon.
-
EP LVAR ki te soti nan dat 3 me 2021 an te okipe
sizyèm pozisyon.
-
EP Patron ki te soti nan dat 4 jen 2022 an te
okipe vennsizyèm pozisyon epi
- Pwojè G-Bobby Mixtape la ki te soti nan dat 18 me 2017 te okipe san uityèm pozisyon.
Kijan albòm nan fè rive nimewo en (1) sou iTunes?
Pou yon atis (rap nan ka Wendyyy a) rive #1 sou iTunes, an jeneral li
bezwen vann plizyè milye kopi nan premye jou a. Kantite egzak la kapab varye
anpil, selon plizyè faktè tankou:
- Konkirans
nan jou a oswa semèn nan:
Si pa gen gwo atis ki lage mizik, 2 000 rive 5 000 kopi ka sifi. Si gwo
atis tankou Drake, Kanye, oswa Travis Scott lage albòm menm jou a, li ka mande
plis pase 10 000 kopi. Nan ka pa Wendyyy a, piske rapè ki te nan kous la pye
pou pye avè l yo te gentan gen kèk mwa depi yo te soti albòm yo a, tankou
Kendrick Lamar kote albòm li a te gen anviwon 6 mwa depi l soti, nou ka estime
Wendyyy te vann pou pi piti 2 000 kopi nan dat 27 pou antre 28 me a.
- Jan
mizik la ye ak angajman fanatik yo:
Fanatik hip-hop konn pote boure ansanm pou yo achte yon sèl kou nan premye
minit apre lansman albòm yo, sa ki ka pouse yon atis pozisyone nan tèt lis la
menm avèk yon kantite vant ki pi piti. Men, piske albòm 3 Wendyyy a te rete
plizyè jou nan premye pozisyon, nou ka konkli se pa t yon senp pote boure chinwa
yo ak lòt fanatik Wendyyy e mizik an jeneral yo te fè. Sa ki vle di tou, chif
yo pa ta dwe pi ba pase 2 000 kopi. Te gen yon angajman reyèl chak jou Bondye
mete.
- Vant konpare
ak Streaming:
Tablo iTunes baze sèlman sou vant
dirèk albòm yo (telechajman ki peye). Yon vant egal ak yon kopi. Sa ki diferan ak Billboard ki, li menm,
konte streaming tou. Pou m rezime: kantite vant pou pi piti ki ka fè yon rapè
pozisyone nan premye pozisyon varye soti 2 000 rive 5 000 kopi pou jou a.
Konbyen albòm Wendyyy ka vann nan ka sa a?
Daprè pozisyon li sou tablo iTunes lan, nou ka
estime Wendyyy ta ka vann ant 2 000 a 5 000 kopi nan premye jou lansman an ki te 27
me a. Sou iTunes, yon kopi albòm vann an mwayèn pou 9.99 dola ameriken, men albòm
Wendyyy a te koute 11.61 dola.
Ann fè yon ti kalkil rapid pou premye 24 èdtan an sèlman:
Sa vle di, nan sèlman premye 24 èdtan vant albòm nan sou iTunes, Wendyyy
kapab touche ant 23 220 rive 58 050 dola san nou pa konte lòt platfòm tankou
Spotify, Apple Music oswa YouTube.
Poukisa sa kalite analiz sa yo enpòtan?
Siksè Wendyyy montre jan fanatik li yo reyaji rapidman epi kijan mizik lakay
nou, mizik ki fèt nan lang Kreyòl la kapab fè bri sou yon platfòm mondyal. Li
bay espwa ak opòtinite pou lòt atis ayisyen ki anvi fè menm jan an, pou yo fè
mizik anpil moun ka tande toupatou sou tè a.
Kidonk, li montre klè: mizik ayisyen ka vann, e li ka domine mache
entènasyonal la!
Konsèy pou lòt atis kap chache rive #1
Mwen pa yon espesyalis nan Maketin ak Administrasyon Biznis (menmsi m gen yon
sètifika inisyasyon nan Maketin), sans obsèvasyon m ak bon konprann mwen pèmèt
mwen wè, pou yon atis rive nan pozisyon nimewo en (1) e sitou kenbe pozizyon an
sou iTunes (kòm se sou li n ap pale), atis la dwe: a) Mobilize fanatik yo,
fè yo konnen jou lansman an epi ankouraje yo achte rapidman. Se sa Wendyyy te
fè. B) Ajiste estrateji vant li (nou pap antre ladan l piske se pa domèn nou).
Konklizyon
Siksè Wendyyy ak albòm "3" sou iTunes se yon gwo pa pou
mizik ayisyen an, kit ou renmen atis la, kit ou pa renmen l, kit ou se chinwa,
kit ou se yon senp melomàn. Li montre ak estrateji byen planifye, angajman
fanatik, ak yon mizik bon kalite, yon atis rap kreyòl ka fè bri sou yon sèn
mondyal. Sa ka louvri pòt pou anpil lòt talan nan peyi a. Epi, kontrèman ak sa kèk
animatè Konpa e menm kèk atis rap kreyòl konn di, mizik rap kreyòl pa sèlman
pou piblik Ayiti a. Non ! Li ka vann e li ka domine nenpòt platfòm dijital
pami tout lòt gwo atis entènasyonal!
Lyen chèn YouTube Wendyyy a, Traka Music Group: https://youtube.com/@trakamusicgrp?feature=shared