Rechercher dans ce blog

Wendyyy Bat Tout Rekò: 6 Pwojè Ap Mennen sou iTunes, Albòm "3" Premye nan Rap/Hip-Hop!

Jou ki te 28 Me 2025 lan, rapè ayisyen Wendyyy te lage nouvo albòm li ki rele "3" sou iTunes, e li deja rive pozisyone tèt li nimewo en (1) nan kategori Rap/Hip-Hop nan peyi Etazini. Se yon kokennchenn siksè sa ye, ki pa sèlman make yon viktwa pou Wendyyy, men tou pou mizik ayisyen an sou sèn entènasyonal la. Se sèten, sa ap atire atansyon kèk aktè nan endistri mizik etranje.

N ap souliyen nan dat 30 me 2025 la, Wendyyy te rive gen 6 pwojè ki byen pozisyone sou platfòm sila a. Twa (3) albòm, de (2) EP ak yon mikstep. Pami yo, twa (3) albòm ak yon EP, donk kat (4) pwojè nan lis dis (10) premye yo sou iTunes. Se premye atis ayisyen ki fè sa, e petèt premye atis nan monn lan (n ap bezwen verifye sa a).

   
    Albòm 3 a ki soti 27 me 2025 lan te an premye pozisyon depi 3 jou.

-        Albòm III a ki te soti nan dat 21 janvye 2024 te okipe twazyèm pozisyon.

-        Albòm Indétrônable ki te soti 24 avril 2016 te okipe senkyèm pozisyon.

-        EP LVAR ki te soti nan dat 3 me 2021 an te okipe sizyèm pozisyon.

-        EP Patron ki te soti nan dat 4 jen 2022 an te okipe vennsizyèm pozisyon epi

-        Pwojè G-Bobby Mixtape la ki te soti nan dat 18 me 2017 te okipe san uityèm pozisyon.

Se premye fwa nan listwa mizik ayisyen an, yon atis bat yon rekò konsa, sa ki kreye yon gwo tonton eka anplis ant Wendyyy ak atis tout lòt tandans nan endistri mizik la, yon defi k ap difisil pou leve. E, n ap souliyen tou, nan demen, 31 me 2025 la, EP Patron an te soti nan vennsizyèm pozisyon li monte nan disetyèm. G-Bobby Mixtape la te soti nan san uityèm li monte dizuityèm. Kidonk, sa te fè Wendyyy gen 6 pwojè nan lis ven (20) premye yo sou iTunes, e kat (4) ladan yo te nan lis dis (10) premye pwojè iTunes yo. Se gwo koze!

 

Kijan albòm nan fè rive nimewo en (1) sou iTunes?

Pou yon atis (rap nan ka Wendyyy a) rive #1 sou iTunes, an jeneral li bezwen vann plizyè milye kopi nan premye jou a. Kantite egzak la kapab varye anpil, selon plizyè faktè tankou:

  1. Konkirans nan jou a oswa semèn nan:

Si pa gen gwo atis ki lage mizik, 2 000 rive 5 000 kopi ka sifi. Si gwo atis tankou Drake, Kanye, oswa Travis Scott lage albòm menm jou a, li ka mande plis pase 10 000 kopi. Nan ka pa Wendyyy a, piske rapè ki te nan kous la pye pou pye avè l yo te gentan gen kèk mwa depi yo te soti albòm yo a, tankou Kendrick Lamar kote albòm li a te gen anviwon 6 mwa depi l soti, nou ka estime Wendyyy te vann pou pi piti 2 000 kopi nan dat 27 pou antre 28 me a.

  1. Jan mizik la ye ak angajman fanatik yo:

Fanatik hip-hop konn pote boure ansanm pou yo achte yon sèl kou nan premye minit apre lansman albòm yo, sa ki ka pouse yon atis pozisyone nan tèt lis la menm avèk yon kantite vant ki pi piti. Men, piske albòm 3 Wendyyy a te rete plizyè jou nan premye pozisyon, nou ka konkli se pa t yon senp pote boure chinwa yo ak lòt fanatik Wendyyy e mizik an jeneral yo te fè. Sa ki vle di tou, chif yo pa ta dwe pi ba pase 2 000 kopi. Te gen yon angajman reyèl chak jou Bondye mete.

  1. Vant konpare ak Streaming:

Tablo iTunes baze sèlman sou vant dirèk albòm yo (telechajman ki peye). Yon vant egal ak yon kopi. Sa ki diferan ak Billboard ki, li menm, konte streaming tou. Pou m rezime: kantite vant pou pi piti ki ka fè yon rapè pozisyone nan premye pozisyon varye soti 2 000 rive 5 000 kopi pou jou a.

 

Konbyen albòm Wendyyy ka vann nan ka sa a?

Daprè pozisyon li sou tablo iTunes lan, nou ka estime Wendyyy ta ka vann ant 2 000 a 5 000 kopi nan premye jou lansman an ki te 27 me a. Sou iTunes, yon kopi albòm vann an mwayèn pou 9.99 dola ameriken, men albòm Wendyyy a te koute 11.61 dola.

Ann fè yon ti kalkil rapid pou premye 24 èdtan an sèlman:

Si li te vann 2 000 kopi, sa bay:
2 000 x 11.61 = 23 220 dola.

Si li vann 5 000 kopi, sa bay:
5 000 x 11.61 = 58 050 dola.

Sa vle di, nan sèlman premye 24 èdtan vant albòm nan sou iTunes, Wendyyy kapab touche ant 23 220 rive 58 050 dola san nou pa konte lòt platfòm tankou Spotify, Apple Music oswa YouTube.

 

Poukisa sa kalite analiz sa yo enpòtan?

Siksè Wendyyy montre jan fanatik li yo reyaji rapidman epi kijan mizik lakay nou, mizik ki fèt nan lang Kreyòl la kapab fè bri sou yon platfòm mondyal. Li bay espwa ak opòtinite pou lòt atis ayisyen ki anvi fè menm jan an, pou yo fè mizik anpil moun ka tande toupatou sou tè a.

Kidonk, li montre klè: mizik ayisyen ka vann, e li ka domine mache entènasyonal la!

 

Konsèy pou lòt atis kap chache rive #1

Mwen pa yon espesyalis nan Maketin ak Administrasyon Biznis (menmsi m gen yon sètifika inisyasyon nan Maketin), sans obsèvasyon m ak bon konprann mwen pèmèt mwen wè, pou yon atis rive nan pozisyon nimewo en (1) e sitou kenbe pozizyon an sou iTunes (kòm se sou li n ap pale), atis la dwe: a) Mobilize fanatik yo, fè yo konnen jou lansman an epi ankouraje yo achte rapidman. Se sa Wendyyy te fè. B) Ajiste estrateji vant li (nou pap antre ladan l piske se pa domèn nou).

 

Konklizyon

Siksè Wendyyy ak albòm "3" sou iTunes se yon gwo pa pou mizik ayisyen an, kit ou renmen atis la, kit ou pa renmen l, kit ou se chinwa, kit ou se yon senp melomàn. Li montre ak estrateji byen planifye, angajman fanatik, ak yon mizik bon kalite, yon atis rap kreyòl ka fè bri sou yon sèn mondyal. Sa ka louvri pòt pou anpil lòt talan nan peyi a. Epi, kontrèman ak sa kèk animatè Konpa e menm kèk atis rap kreyòl konn di, mizik rap kreyòl pa sèlman pou piblik Ayiti a. Non ! Li ka vann e li ka domine nenpòt platfòm dijital pami tout lòt gwo atis entènasyonal!


Lyen chèn YouTube Wendyyy a, Traka Music Group: https://youtube.com/@trakamusicgrp?feature=shared

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Disonans Koyitif kont Yon Sispèsta