Rechercher dans ce blog

Poukisa yon labalèn ki mouri kapab reprezante yon danje?

Nan lannuit 14 fevriye 2025 lan, abitan nan komin Obòy, nan depatman Nò peyi Ayiti, te dekouvri kadav yon labalèn ak twa (3) reken bò yon lanmè. Moun nan lokalite a pat tann pou yo kòmanse kòche labalèn nan pou yo ka manje. Pa gen enfòmasyon sou sa ki rive kadav twa (3) reken yo. Men, sa ki sèten, abitan yo monte sou labalèn nan, manchèt nan men, ap koupe vyann ki pral fini nan chodyè. Nou pa konnen nan ki kondisyon bèt dlo sila mouri ni konbyen jou l te genyen depi l mouri avan l t al ateri bò lanmè a. Kidonk, nou pa konn ki kalite vyann moun yo pral manje a, si l gate, anpwazonnen, entoksike, elatriye. Se sèlman otorite sanitè yo ki ta dwe ankete e pwononse yo sou sa osnon n ap kapab konfime si konsomasyon vyann nan ta vin koze pwoblèm lakay abitan yo. Yon lòt bò, e se sa ki plis enterese nou nan atik sa a, èske yon labalèn ki mouri kapab reprezante yon danje ? Selon chèchè ak pwofesyonèl sante yo, repons lan se wi. Ann gade sa ansanm.

Poukisa yon labalèn ki mouri kapab reprezante yon danje?

Lè yon labalèn mouri, kò li kòmanse dekonpoze, sa ki pwodui anpil gaz. Po li, ki pwès anpil, pa kite gaz sa yo soti fasilman, sa ki lakòz presyon fòme anndan kadav la. Se sa ki fè kadav labalèn nan ka eksploze toudenkou.

Ann louvri yon ti parantèz sou pwa bèt dlo sa a. N ap raple labalèn se youn nan bèt ki pi lou sou latè. Se vre, bèt ki pi lou sou tè a se elefan, men lè w konpare l ak yon labalèn ble, diferans lan se estrawòdinè! Yon sèl labalèn ka peze menm pwa ak 25 elefan granmoun! Donk, poukisa bèt sou tè yo pa ka rive nan menm pwa sa a? Repons lan senp: gravite.

Gravite limite gwosè pifò bagay sou tè a. Si yon bèt te twò lou, zo li pa ta ka sipòte pwa li, epi li pa ta ka deplase fasil. Alòs, poukisa labalèn yo ka rive nan yon pwa konsa? Paske yo viv nan dlo! Dlo a bay yo flotabilite, sa ki pèmèt yo pa santi efè gravite menm jan ak bèt ki sou tè a.

Ann retounen nan sijè a. Nou sot wè sa ki rive lè labalèn nan mouri, jan gaz ka gonfle anndan l. Kounya, poukisa nou dwe evite kadav la ?

Poukisa nou dwe evite kadav  labalèn nan?

Nou tout konnen labalèn yo gwo anpil, kidonk imajine kadav yo! Lè yo kwaze yo sou rivaj yo, yo atire anpil moun ki vle wè yo. Ann sipoze ou menm ak mwen se bon zanmi, epi nou rive sou plaj la pou vakans. Nan mitan sab la, nou wè yon labalèn ki mouri—pi gwo bèt sou latè!

Nou prese rale telefòn nou pou pran foto, men nou bezwen fè atansyon. Rezon? Paske kadav labalèn yo ka eksploze!

Lè yon labalèn mouri, san l sispann sikile epi li sispann respire. Mikwòb ki deja nan kò li kòmanse dekonpoze tisi yo, sa ki lakòz gaz tankou metàn, gaz kabonik ak nitwojèn anpile anndan li. Kadav la gonfle tankou yon gwo balon.

Mete sou sa, po li ki pwès ak grès li yo anpeche gaz sa yo soti. Pwa labalèn nan fè bouch ak twou dèyè li rete fèmen, kidonk presyon an ap ogmante jiskaske… BOUM!

Kokennchenn eksplozyon vyann labalèn nan voye moso kò l jete nan lè a ak yon vitès 70 km/è sou yon distans 50 mèt! Sa ka menm touye moun.

Eksplozivite kadav labalèn—Egzanp reyèl

Yon ka ki pi popilè te rive nan peyi Taywann an 2004. Moun yo t ap transpòte kadav yon labalèn nan lari lè li te fin eksploze, yo t ap voye trip li ak vyann li sou moun ak sou magazen! Sa te terib.

Yon lòt ka frapan te pase nan Oregon, Ozetazini, an 1970. Ofisyèl yo te deside itilize dinamit pou detwi yon labalèn ki te sou yon rivaj. Yo te panse zwazo ap fin manje rès yo, men plan an pa t mache! Malgre yon ansyen militè te di yo kantite dinamit lan te twòp, yo te kontinye ak lide a. Rezilta? Yon eksplozyon ki te voye moso balèn yo jete byen lwen, kraze machin ki te nan yon distans de (2) kilomèt! Otorite yo te oblije pase yon semèn ap netwaye tout debri ki te an dezòd yo.

Pou n konkli, wi, kadav yon labalèn kapab reprezante yon gwo danje lè n konsidere kantite gaz tankou metàn, gaz kabonik ak nitwojèn ki ap gonfle anndan l lè l kòmanse dekonpoze, sa ki ka lakòz kadav la eksploze jan sa te pase Taywann ak Etazini, yon kokennchenn eksplozyon ki ka pwopaje sou gwo distans e menm touye moun. Atansyon pa kapon Ayisyen m yo, espesyalman moun Obòy mwen yo !

Kriminèl ki pa gen remò yo: aspè sikolojik, sosyolojik ak newolojik

Nan kòmansman mwa fevriye 2025 lan, gen yon dram ki rive nan komin Kenskòf an n Ayiti kote bandi san fwa ni lwa pran yon ti bebe 2 mwa nan men manman l ki rele Eliana Télémaque, yo lage l nan dife tou vivan an prezans manman an. Yon zak sanginè ki lakòz Eliana trepase de (2) semèn annapre nan komin Petyonvil, jou ki te 14 fevriye 2025 lan, anba pwa twomatis ak lapenn eksperyans sa te kite pou li. Zak sa pouse anpil Ayisyen ap kesyone koz nivo egzajere mechanste ak babari sa lakay bandi kowalisyon Viv Ansanm yo. Ki sa ki ka lakoz yon kriminèl rive nan yon nivo konsa, kote l ap komèt yon seri krim tèt chaje ak tout sanfwa l, san remò e san anpati? Ki esplikasyon lasyans kapab bay sou sa? Apre rechèch nou fè, nou rive jwenn kèk nan teyori sikoloji, newoloji ak sosyoloji ki pi enpòtan yo ki tante bay yon esplikasyon sou diferan fenomèn ki ka lakoz yon konpòtman konsa. Nou prezante sis (6) ladan yo pi ba:

1. Teyori sou sikopati

Nan lane 1991, Robert D. Hare, yon sikològ Kanadyen devlope konsèp sikopati a, kote moun ki genyen l pa gen pitye, pa gen emosyon pwofon, epi konpòte yo nan yon fason manipilatè. Li kreye yon echèl pou mezire nivo sikopati moun nan ki rele PCL-R (Psychopathy Checklist-Revised) an n anglè. An kreyòl, nou ka defini l kòm Lis Verifikasyon Sikopati-Revize. Rechèch Hare yo montre sikopat yo gen yon defisyans nan amigdal ak kotèks prefrontal ventwomedyen yo, sa ki fè yo pa ka santi kè sote oswa kilpabilite.

2. Teyori sou dezendividyasyon

Yon tikras pi bonè, nan lane 1969, Philip Zimbardo, ki li menm se yon sikològ Ameriken, montre nan kèk sitiyasyon (tankou lè yon moun pèdi idantite li nan yon gwoup), li ka aji avèk vyolans san l pa santi li koupab tou. Eksperyans nan kèk prizon montre kijan pouvwa ak anviwónman sosyal ka mennen moun fè mechanste dènye nivo.

3. Teyori sou banalizasyon mechanste

Teyori sa se Hannah Arendt, yon filozòf Jèmano-Ameriken, ki te devlope l nan lane 1963, kote li analize jijman Otto Adolf Eichmann, yon Jèmano-Otrichyen ki te yon manm ofisyèl Pati Nazi a e ki te youn nan responsab jenosid kont juif yo. Epi sikològ la eksplike tou ki jan mechanste ka soti nan obeyisans san reflechi. Li montre kijan moun ka fè krim san yo pa santi remò paske yo jis ap swiv lòd otorite yo. Sa ki pa diferan lakay kriminèl Ayiti yo. Petèt, pwofesyonèl sikoloji, sosyoloji ak filozofi an n Ayiti yo te ka prezante nou yon travay rechèch ki sanble ak ka Adolf la men ki gen kèk bandi Ayisyen kòm echantiyon.

4. Teyori sou desansibilizasyon ak vyolans

An 1973, yon sikològ Kanadyen ki rele Albert Bandura montre ki jan lè yon moun ekspoze ak vyolans souvan (nan anfans, nan medya, oswa nan lagè) ka fè yon moun pèdi sansiblite li epi konsidere vyolans kòm yon bagay nòmal. Teyori aprantisaj sosyal li a montre moun aprann vyolans nan imitasyon.

5. Teyori sou netralizasyon

Teyori sa David Matza, yon sosyològ Ameriken, ansanm avèk Gresham Sykes ki tou se yon sosyològ Ameriken e ki kriminològ, te devlope an 1957, montre ki jan kriminèl yo jistifye zak yo ak fraz tankou :

"Mwen pa responsab" (« Se pa fòt mwen »)

Pa bò isit, yo gen tandans di se fòt leta, se fòt move dirijan yo.

"Yo merite sa" (« Yo te chèche sa »).

Yon fraz konsa pa depaman ak sa bandi kriminèl Arnel Joseph te di lè yo te arete l nan dat 22 jiyè 2019 la lè l te di se moun ki gen lajan li vòlè kamyon yo ak machandiz yo e si l te kapab li t ap revòlè yo ankò.

"Yo pa menm moun menm" (« Yo pa merite konpasyon »)

Yon seri fraz ki pa etranj pou anpil nan nou Ayisyen. Se setèn, menm yon fwa, nou tande youn ladan yo nan bouch kriminèl yo deja. Se kòmsi zak yo fè yo pa di yo anyen. Y ap tante jistifye yo.

6. Teyori sou sèvo kriminèl

Adrian Raine, yon sikològ Britanik, fè rechèch sou diferans nan sèvo moun ki vyolan soti 1993 rive 2013. Li dekouvri kotèks prefrontal (ki kontwole enpilsyon ak moral) souvan pa devlope ase lakay kriminèl yo, epi amigdal (ki jere emosyon) pa reponn nòmalman. Èske gen nan bandi Ayiti yo, kòtèks prefontal yo ak amigdal yo pa devlope ase? Yon newochirijyen tankou ansyen Premye Minis Ariel Henri te ka enterese fè yon travay rechèch sou sa.

Se vre atik sa pa devlope teyori yo men prezantasyon sa nou fè a pèmèt nou wè mank remò lakay kèk kriminèl se rezilta yon melanj ant faktè biyolojik, sikolojik, ak sosyal. Nou espere atik sa te itil ou.

Men kèk referans bibliyografik pètinan sou teyori sa yo :

-          Hare, R. D. (1991). The Hare Psychopathy Checklist-Revised (PCL-R). Multi-Health Systems.

-          Hare, R. D. (2003). Without Conscience: The Disturbing World of the Psychopaths Among Us. Guilford Press.

-          Zimbardo, P. G. (2007). The Lucifer Effect: Understanding How Good People Turn Evil. Random House.

-          Milgram, S. (1974). Obedience to Authority: An Experimental View. Harper & Row.

-          Arendt, H. (1963). Eichmann in Jerusalem: A Report on the Banality of Evil. Viking Press.

-          Sykes, G. M., & Matza, D. (1957). Techniques of Neutralization: A Theory of Delinquency. American Sociological Review, 22(6), 664-670.

-          Raine, A. (2013). The Anatomy of Violence: The Biological Roots of Crime. Pantheon Books.

-          Blair, R. J. R., Mitchell, D., & Blair, K. (2005). The Psychopath: Emotion and the Brain. Blackwell Publishing.

Youn nan sous enfòmasyon sou dram Kenskòf la :

-          Kenscoff : un nourrisson tué tragiquement par les criminels de « Viv ansanm », sa mère décède deux semaines après 

 


De remak anplis sou dokiman dezyèm rezolisyon Akademi Kreyòl Ayisyen an (AkA)

26 janvye 2025, nan yon atik an fransè ki disponib sou blòg la ki pote tit «  L’inefficacité de l’Akademi Kreyòl Ayisyen depuis sa création : un bilan mitigé », nou te fè plizyè analiz ak kritik sou dokiman dezyèm rezolisyon an. Nan founi je gade pi fon nan dokiman an, nou te rive fè de lòt remak nou deside pataje nan atik sa men an kreyòl fwa sa.

Premye remak ak reyaksyon : Nan paj 12 dokiman an, AKA fè yon presizyon enpòtan kote l di itilizatè yo dwe dekole prepozisyon AN an ak mo ki vin apre l nan chèn sentaksik la, sa ki fè sans lè n sonje kreyòl ayisyen se yon lang izolan. Sepandan, gen kèk egzanp kote sentaks la pa pèmèt lekti ak atikilasyon an fèt dlo lolo, tankou nan de (2) fraz ki vin annapre yo: 

-

An Ayiti. An Iran.

Yon lokitè kreyolofòn natif di an-n-Ayiti, an-n-Iran. Se konsa yo atikile konbinezon mo sa yo ansanm. An kreyòl, sa w di a dwe ekri. Nanpwen lèt ak son ki bèbè non plis. Anplis, AN se yon vwayèl, li paka fè liyezon ak yon lòt vwayèl. Kidonk, AKA te ka pwopoze yon règ ki mande itilizatè yo ajoute N apre prepozisyon AN an lè mo ki vin apre l la kòmanse ak yon vwayèl yon fason pou reflete vrè fason itilizatè yo reyalize atikilasyon fonolojik fòm konstriksyon sentaksik sa a yo. Règ la ta dwe mande ajoute N ant prepozisyon AN an ak mo ki vin apre l la lè mo a kòmanse ak yon vwayèl yon fason pou fasilite lekti a. San sa, nou t ap di:

-         - Yon n abit (yon abit), piske ON se yon vwayèl tou. Men, non! De vwayèl paka lè liyezon.

Kidonk, avèk règ sila nou di a, n ap genyen yon konstriksyon konsa: An n Ayiti. An n Iran.

Gras ak yon règ konsa, itilizatè a ap kapab ekri egzakteman sa l di a nan respè prensip yon fonèm pou yon grafèm nan. 

Dezyèm remak ak reyaksyon: Yon lòt segman nan dokiman dènye rezolisyon sa a ki pa reflete pratik lengwistik lokitè yo se kote AKA prezante OUN kòm yon vwayèl nazal. Lè n konsidere prensip yon fonèm pou yon grafèm nan e lè n rekonèt OUN paka li lòt jan pase OU-N, nou konkli konbinezon grafèm OU avèk N  paka konstitye yon vwayèl nazal. Sa ki rann òtograf mo ki nan egzanp ki vin apre yo nou jwenn nan dokiman an pa kòrèk:

-       

Oungan, mazounbèl, kandjanboun.

Antanke lengwis kote travay mwen baze sou deskripsyon reyalite lengwistik yo, mwen t ap plis retwouve m nan yon pwopozisyon kreyasyon yon vwayèl espesyal pou reprezante fonèm ki nan kèk mo tankou egzanp nou fenk site yo. AKA te ka deside pa egzanp deziyen õ, oswa Ø, oswa ô pou reprezante fonèm vwayèl nazal espesyal sa a. Konsa, mo pi wo yo te ka gen youn nan twa pwopozisyon òtograf ki vin apre yo:

-         - Õgan, mazõbèl, kandjanbõ.

-         - Øgan, mazØbèl, kandjanbØ.

-         - Ôgan, mazôbèl, kandjanbô.

Nou espere atik sa kapab itil nan estandadizasyon lang kreyòl la kòmsadwa nan linèt lasyans ak pwofesyonalis.

Glosè

-  - Lang izolan : yon lang kote chak oswa prèske chak mòfèm gen yon lèm ki reprezante l e lèm sa yo pa sibi okenn fleksyon kèlkeswa rapò gramatikal yo genyen ak lòt lèm nan fraz la.

-  - Mòfèm : pi piti eleman ki gen yon sans

-  - Lèm : se yon seri lèt, youn apre lòt, ki fòme yon eleman ki gen sans. Pou pi senp, yon mo.

-  - Fonèm: pi piti eleman ki gen yon son

L'attrition linguistique : Définition, manifestations et facteurs influents

L'attrition linguistique désigne la perte progressive d'une langue, que ce soit à l’échelle individuelle (diminution des compétences d’un locuteur) ou collective (régression d’une langue au sein d’une communauté). Ce phénomène est étudié dans plusieurs domaines linguistiques, notamment la sociolinguistique, la psycholinguistique et la linguistique historique. 

1. Définition et cadre théorique

Selon Schmid et Köpke (2007), l’attrition linguistique est un processus de perte partielle ou totale d’une langue chez un individu ou une communauté, généralement dû à un manque d’usage et d’exposition. Cette diminution des compétences linguistiques peut concerner différents aspects, notamment le vocabulaire, la grammaire, la phonologie et la fluidité de l’expression.

2. L’attrition individuelle chez les locuteurs bilingues

L’attrition linguistique se manifeste souvent chez les locuteurs bilingues, notamment lorsque la langue maternelle est progressivement supplantée par une langue dominante. Paradis (2004) explique que cette perte est liée à une inhibition active de la langue d’origine, qui favorise plutôt l’activation de la langue seconde.

Schmid (2011) ajoute que la récupération d’une langue attritée est possible, bien que plusieurs facteurs influencent cette capacité, notamment l’âge d’acquisition de la langue seconde, l’environnement linguistique et la motivation individuelle.

De nombreux locuteurs haïtiens ayant vécu plusieurs années dans des pays où leur langue maternelle n'est pas dominante – comme au Chili, au Brésil, en République dominicaine, en Turquie, aux Bahamas, aux îles Turques-et-Caïques, en France, ou même dans certaines zones reculées d’Haïti – se retrouvent en situation d’attrition linguistique. L’usage restreint du créole dans leur quotidien entraîne une diminution progressive de leur compétence linguistique, ce qui peut affecter leur capacité à s’exprimer avec fluidité ou à mobiliser certains aspects du lexique et de la grammaire. Ce phénomène s’observe dans des localités frontalières

notamment à Tilory et Lamiel, dans le département du Centre, où les habitants parlent un créole basilectal truffé d’interférences lexicales et syntaxiques espagnoles que beaucoup de citadins haïtiens peinent à décoder certaines fois. Nous consacrerons, peut-être, un article sur l’attrition linguistique chez la diaspora haïtienne et certaines communautés locales.

3. L’attrition communautaire et la disparition des langues

Fishman (1991) a étudié la disparition des langues minoritaires sous l’effet des pressions économiques et sociales. Il observe que l’attrition linguistique précède généralement la mort d’une langue lorsque les nouvelles générations cessent de la parler.

Dorian (1981) a documenté la régression du gaélique écossais en Écosse et aux États-Unis, soulignant que les derniers locuteurs adoptaient des structures grammaticales simplifiées et un lexique réduit.

4. Facteurs influençant l’attrition linguistique

L’attrition linguistique est influencée par plusieurs facteurs :

  • Facteurs psycholinguistiques : L’âge d’acquisition de la langue seconde, la fréquence d’usage et l’inhibition de la langue maternelle jouent un rôle crucial dans le maintien ou la perte des compétences linguistiques (Schmid & Köpke, 2017).
  • Facteurs sociolinguistiques : La pression culturelle, la stigmatisation sociale et l’absence de transmission intergénérationnelle sont des éléments déterminants dans l’abandon d’une langue (Fishman, 1991).
  • Facteurs neurologiques : La plasticité cérébrale influence la capacité d’un individu à maintenir ou à réactiver une langue en déclin (Paradis, 2004).

Références

Schmid, M. S., & Köpke, B. (2007). "Bilingualism and attrition." Handbook of Multilingualism and Multilingual Communication, 105-118.
Schmid, M. S., & Köpke, B. (2017). "The relevance of first language attrition to theories of bilingual development." Linguistic Approaches to Bilingualism, 7(6), 637-667.
Paradis, M. (2004). A Neurolinguistic Theory of Bilingualism. John Benjamins.
Schmid, M. S. (2011). Language Attrition. Cambridge University Press.
Fishman, J. A. (1991). Reversing Language Shift: Theoretical and Empirical Foundations of Assistance to Threatened Languages. Multilingual Matters.
Dorian, N. C. (1981). Language Death: The Life Cycle of a Scottish Gaelic Dialect. University of Pennsylvania Press.

Disonans Koyitif kont Yon Sispèsta